Travay Ansyen Militè ak Militè

Dwa Ansyen Militè oswa Militè

Ou gen responsablite pou w trete ansyen militè oswa militè yo yon fason ki jis.

Anplwaye ansyen militè ak militè ajoute yon gwo valè nan espas travay yo Ozetazini. Eksperyans yo, fason yo dirije ak prensip yo gen nan travay ka nan avantaj konpayi sitwayen nòmal yo. Konpayi yo jwe yon wòl enpòtan nan konsève defans nasyonal solid peyi nou an lè yo sipòte anplwaye militè yo pou yo sèvi lè yo rele yo epi asire yo ansyen militè yo ka mete konpetans ak eksperyans yo nan travay ki gen sitwayen nòmal apre separasyon an.

 

An jeneral, ou ta dwe trete ansyen militè yo ak anplwaye ki nan lame yo menm jan ak lòt anplwaye yo. Gen de lwa federal ki entèdi diskriminasyon nan travay ki baze sou kondisyon anplwaye yo kòm ansyen militè oswa moun ki nan lame: Lwa Travay Moun ann Inifòm yo ak Pou Anboche yo Ankò (USERRA) ak Lwa Asistans Reyadaptasyon Ansyen Militè Epòk Vyetnam (VEVRAA). Nan kad USERRA, anplwaye yo pwoteje kont diskriminasyon ki baze sou sèvis yo bay anvan sa nan sèvis ak inif႒òm, sèvis yo bay nan moman an ak inifòm, oswa entansyon yo pou yo antre nan sèvis inifòm. USERRA pwotehe anplwaye yo tou kont reprezay ki baze sou aksyon pou yo ranfòse fwa yo oswa dwa yon lòt moun dapre lalwa, patisipasyon nan yon demach USERRA, oswa asistans nan yon ankèt USERRA.

 

Si w se yon kontraktè oswa soutretan, nenpòt ansyen militè oswa anplwaye ki nan lame ki respekte definisyon “ansyen militè ki pwoteje” pwoteje tou kont diskriminasyon ak reprezay nan kad VEVRAA. Toude lwa yo, USERRA ak VEVRAA aplike si w se yon kontraktè federal oswa soutretan, men menmsi USERRA aplike pou tout ansyen militè, VEVRAA sèlman aplike pou yon gwoup ansyen militè presi.

Èske w gen kesyon?
Nou la pou ede w.

Nou pran angajman pou ede w konprann responsablite w yo antanke yon konpayi. Ou ka jwenn repons pou anpil kesyon sou responsabilite w anvè ansyen militè grasa Konseye elaws ki annapre yo (Asistans sou Lwa Travay pou Travayè ak Ti Biznis yo):

Sèvis pou Travay Ansyen Militè ak Fòmasyon (VETS) aplike USERRA ak Biwo Pwogram respè Kontra Federal (OFCCP) aplike (VEVRAA). Ajans sa yo travay ansanm jan sa apwopriye pou garanti tretman jis pou militè ak ansyen militè ameriken yo.

 

Pou plis asistans, tanpri kontakte:

VETS: 1-866-4-USA-DOL oswa biwo lokal VETS ou a

OFCCP: 1-800-397-6251 oswa Sèvis Asistans OFCCP a

Nan kad toude lwa sa yo, ou pa ka fè diskriminasyon oswa reprezay kont anplwaye ki eseye aplike dwa yo oswa dwa yon lòt moun. Ou pa ka poze aksyon negatif paske yon anplwaye se yon ansyen militè oswa manm nan sèvis militè, oswa paske ou te eseye aplike dwa w oswa dwa yon lòt moun kòm yon ansyen militè oswa manm nan sèvis militè. Pa egzanp, ou pa ka: 

  • refize bay yon anplwaye pwomosyon,
  • refize bay yon anplwaye avantaj nan travay la,
  • fè reprezay kont yon anplwaye paske l depoze yon plent konsènan dwa l yo vyole, oswa
  • refize anboche yon moun k ap aplike.

 

akoz yo se yon ansyen militè oswa militè Li pa toujou klè lè yon sitiyasyon ka konsidere kòm yon diskriminasyon dapre lalwa. Se nan pi bon enterè w antanke yon konpayi pou w abitye tèt ou ak lwa sa yo epi kontakte Gouvènman Federal la si w gen kesyon. 

Man shaking hands with military man

Èske w bezwen plis enfòmasyon?

Konseye elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak konpayi yo konprann dwa yo ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.