Sekirite ak Sante

Pwoteksyon moun k ap denonse a

Ou gen responsablite pou bay yon espas travay ki an sekirite epi ki an sante.

Yon moun k ap denonse se yon moun ki rapòte kondisyon travay li kwè ki danjere oswa ilegal. Ou pa ka fè reprezay kont yon moun k ap denonse paske l rapòte domaj, enkyetid sou sekirite, oswa lòt aktivite ki pwoteje. Reprezay, oswa “aksyon negatif,” ka gen ladan, men se pa sa sèlman, revokasyon, anpeche yon moun jwenn yon lòt travay, oswa refize bay yon travayè avantaj oswa fè menas kont yon travayè. Anplwaye w gen dwa pou:

  • depoze yon plent nan Biwo ki Responsab Sekirite ak Sante nan Travay (OSHA)
  • patisipe nan yon enspeksyon oswa pale ak yon enspektè
  • mande aksè nan dosye ekspozisyon akdosye blesi
  • rapòte yon domaj ki gen rapò ak travay.
  • mande yon enspeksyon OSHA, epi pale ak enspektè a.
  • pote yon plent sou sekirite oswa sante

 

OSHA soti ak Pratik ki Rekòmande pou Pwogram pou Konbat Reprezay pou ede w kreye yon espas travay kote anplwaye yo santi yo alèz pou yo pale de enkyetid yo san yo pa pè reprezay. Rekòmandasyon yo adapte ak pifò espas travay, e yo ka itilize ide a pou kreye yon nouvo pwogram oswa amelyore you.

 

Anplwaye yo gen dwa pwoteksyon kont reprezay kèlkseswa estati imigrasyon yo. Sa gen ladann reprezay ki baze sou estati imigrasyon w, tankou menas pou rele otorite imigrasyon yo.  

 

Lwa Nasyonal sou Relasyon nan Travay pwoteje dwa anplwaye yo tou pou yo patisipe nan “aktivite yo antann yo sou yo” – ki enplike anplwaye ki met ansanm pou amelyore kote y ap travay, sa gen ladan l sekirite ak Sante nan travay la. Yon egzanp ka enplike de oswa plis anplwaye k ap pale sou pwoblèm ki gen rapò ak travay anplis de salè, tankou enkyetid sou sekirite, youn ak lòt, oswa yon anplwaye pale ak yon konpayi sou non youn oswa plis kòlèg sou sekirite nan espas travay.  

Èske w gen kesyon?
Nou la pou ede w.

Nou pran angajman pou ede w konprann responsablite w yo antanke yon konpayi. Ou ka ale sou Sit Entènèt OSHA pou Konpayi yo ak sit entènèt Pwogram Pwoteksyon Moun k ap Denonse OSHA pou w aprann plis.

Pou plis asistans, tanpri kontakte:

OSHA nan 1-800-321-OSHA (6742)

 Biwo Rejyonal OSHA yo bay konsèy, fòmasyon, ak asistans pou biznis ak òganizasyon ki mande èd avèk pwoblèm sekirite ak sante nan travay. Anplis de sa, Pwogram Konsiltasyon sou Plas OSHA ofri konsèy konfidansyèl sou sekirite ak sante nan travay ou gratis. Yo pa bay okenn sitasyon oswa penalite; sèl obligasyon anplwayè a se korije danje ki idantifye yo.

 

Tanpri note ke endistri min nan gen pwòp seri estanda sou sekirite ak sante, règ ak règlemantasyon, ki se Administrasyon Sekirite ak Sante Min (MSHA). Anplwayè endistri min yo ta dwe kontakte MSHA nan 202-693-9400 oswa sou AskMSHA@dol.gov.

Serious meeting between two male employees.

Èske w bezwen plis enfòmasyon?

Konseye elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak konpayi yo konprann dwa yo ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.