Sekirite ak Sante

Reyaji ak Yon Sitiyasyon ki Danjere

Ou gen responsablite pou bay yon espas travay ki an sekirite epi ki an sante.

Ijans nan travay, kit se akoz danje nan travay oswa katastwòf natirèl kreye yon seri danje pou travaayè yo kote ki afekte yo. Nan sitiyasyon konsa, sekirite travayè yo se yon bagay ki an priyorite. Prepare anvan yon ensidan esansyèl pou w asire w ou menm ak travayè w yo gen ekipman nesesè, yo konnen kote pou yo ale, ak fason pou yo rete an sekirite lè gen ijans. Pou ede, Biwo ki Responsab Sekirite ak Sante nan Travay (OSHA) bay resous nan yon gwo seri konsiderasyon nan kad preparasyon pou ijans. 

 

Pi bon fason pou w pwoteje travayè w yo se “atann sa w panse ki p ap rive” epi pran san w pou w kreye yon Plan Aksyon Ijans (EAP) pou sèvi kòm yon gid lూè aksyon imedya nesesè. Annik kreye yon EAP pa ase, yon EAP ap itil sèlman si sa k ladan l yo ajou e anplwaye yo gen ase enfòmasyon ak fòmasyon anvan yo bezwen fè tout moun soti. Prèske tout biznis gen obligasyon pou yo gen yon EAP, sa k ap ede yo òganize aksyon konpayi a ak anplwaye yo lè gen yon ijans nan travay la. An jeneral, ou dwe gen yon EAP si travay ou a bay oswa mande pou gen aparèy pou touye dife e si nenpòt moun ap kouri soti pandan yon ijans. Plis presizeman, OSHA egzijan EAP pou prensip ki annapre yo: 29 CFR §§ 1910.66, 1910.119, 1910.160, 1910.164, 1910.272, 1910.1047, 1910.1050, ak 1910.1051.  

 

Lòt enfòmasyon, sa gen ladan l kèk egzijans fondamantal OSHA pou ijans nan sektè jeneral, ak travay maritim, disponib sou paj entènèt Preparasyon Jeneral OSHA pou Sektè Jeneral, Konstriksyon, ak Maritim nan.  

Female specialist explaining how to use fire extinguisher on construction site

Èske w gen kesyon?
Nou la pou ede w.

Nou pran angajman pou ede w konprann responsablite w yo antanke yon konpayi. Yo ka reponn anpil kesyon sou responsablite ki gen rapò ak sekirite epi sante w lè w itilize Konseye elaws sa yo (Asistans Lwa sou Travay pou Travayè ak Ti Biznis yo):

Pou plis asistans, tanpri kontakte:

OSHA nan 1-800-321-OSHA (6742)

 Biwo Rejyonal OSHA yo bay konsèy, fòmasyon, ak asistans pou biznis ak òganizasyon ki mande èd avèk pwoblèm sekirite ak sante nan travay. Anplis de sa, Pwogram Konsiltasyon sou Plas OSHA ofri konsèy konfidansyèl sou sekirite ak sante nan travay ou gratis. Yo pa bay okenn sitasyon oswa penalite; sèl obligasyon anplwayè a se korije danje ki idantifye yo.

 

Tanpri note ke endistri min nan gen pwòp seri estanda sou sekirite ak sante, règ ak règlemantasyon, ki se Administrasyon Sekirite ak Sante Min (MSHA). Anplwayè endistri min yo ta dwe kontakte MSHA nan 202-693-9400 oswa sou AskMSHA@dol.gov.

Èske w bezwen plis enfòmasyon?

Konseye elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak konpayi yo konprann dwa yo ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.