Enklizyon nan Espas Travay

Relijyon

Ou gen responsablite pou asire opòtinite egal pou travayè yo.

Ou dwe trete moun k ap aplike pou travay yo ansanm ak anplwaye ki la deja yo yon fason egal, kèlkeswa relijyon yo. Lalwa pwoteje pa sèlman moun ki fè pati relijyon tradisyonèl, òganize, tankou Boudis, Krisyanis, Endouyis, Islam, ak Jidayis, men tou lòt moun ki gen kwayans relijye ki sensè.  Met sou sa, lalwa pwoteje moun ki pa fè pati okenn gwoup relijye oswa ki pa gen okenn kwayans reliye. Anjeneral, sa vle di w pa kapab: 

  • revoke,
  • refize yon travay oswa pwomosyon,
  • bay mwens tach,
  • fòse w pran konje, oswa
  • modifye yon fason ki negatif règleman ak kondisyon travay pou yon moun akoz relijyon l. 

 

Ou pa gen dwa mete anplwaye apa akoz relijyon yo, tankou ba yo travay pou yo pa sèvi kliyan akoz ou pè pou kliyan yo pa reyaji yon fason negatif. Ou gen obligasyon pou w bay aranjman rezonab pou kwayans oswa pratik relijye yon anplwaye, sof si lè w fè sa, sa t ap mete yon chay ki lou sou fonksyònman biznis la. Sa vle di ou ka gen obligasyon pou w fè aranjman rezonab nan travay la k ap pèmèt anplwaye w yo pratike relijyon yo, tankou orrè travay fleksib, chanjman nan ranplasman yo, oswa eksepsyon nan règleman pou abiman yo. 

 

Ou pa ka fè diskriminasyon kont travayè yo akoz: 

  • kwayans relijye yo genyen,
  • maryaj oswa asosyasyon ak yon moun nan yon relijyon presi, oswa
  • abiman oswa pratik aparans yo suiv pou rezon relijye.

 

Diskriminasyon nan travay gendwa fèt toulè politik oswa pratik konpayi a ki sanble jis gen yon kokennchenn enpak negatif sou moun yo akoz relijyon yo, san demontre politik oswa pratik sa yo gen rapò ak travay la ak koresponn ak nesesite biznis la. Epi ka gen diskriminasyon tou lè moun k ap fè diskriminasyon an pataje yon karakteristik ki pwoteje tankou menm relijyon ak moun k ap aplike a oswa anplwaye k ap fè diskriminasyon an.  

 

Sepandan, li pa ilegal pou yon anplwayè rekrite ak angaje anplwaye yo sou baz relijyon nan kèk ka kote relijyon se yon kalifikasyon onètman nesesè pou operasyon nòmal biznis oswa antrepriz sa a. Kèk òganizasyon relijye ki se kontraktè federal gendwa tou gen yon ekzanpsyon sèten obligasyon non-diskriminasyon ak aksyon afimatif. Anplis, òganizasyon relijye yo gendwa gen yon defans afimatif pou revandikasyon kèk travayè nan kad “eksepsyon ministeryèl” soti nan lwa non-diskriminasyon. 

Èske w gen kesyon?
Nou la pou ede w.

Nou pran angajman pou ede w konprann responsablite w yo antanke yon konpayi. Ou ka jwenn repons pou anpil kesyon sou responsabilite w grasa Konseye elaws ki annapre a (Asistans sou Lwa Travay pou Travayè ak Ti Biznis yo):

Pou plis asistans, tanpri kontakte:

Biwo Pwogram Konfòmite Kontra Federal yo (OFCCP): 1-800-397-6251 oswa Sèvis Asistans OFCCP a

Female coworker speaking to male coworker about a project

Èske w bezwen plis enfòmasyon?

Konseye elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak konpayi yo konprann dwa yo ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.