Travay Ansyen Militè ak Militè

Konje nan travay pou yo ka fè sèvis militè

Ou gen responsablite pou w bay konje ki pa peye pou fè sèvis militè.

Yo ka rele anplwaye ki nan sèvis militè yo pou yo fè travay yo yon fason volontè oswa envolontè. Sipò w pou anplwaye sa yo enpòtan anpil pou kapasite yo pou yo travay byen, ni nan pozisyon sitwayen nòmal yo, ni nan pozisyon militè yo.

 

Anvan yon anplwaye kite pou l al fè sèvis militè, sa gen ladan l fòmasyon, travay aktif, ak lòt responsabilite, yo dwe ba w avi alavans pou yo ka kalifye pou w anboche yo ankò. Lwa federal pa fikse yon lè presi pou bay avi sa a. Li ka fè ekri oswa aloral e w pa ka presize kalite avi pou yo ba ou. Men, gen kèk eksepsyon pou w bay avi, tankou nan ka nesesite militè.

 

Ou pa gen “dwa refize” pou konje militè e w pa ka pran desizyon negatif kont militè, oswa menase pou w pran desizyon negatid, pou w kite pou sèvis. Menm jan an tou, ou ka gen entèdiksyon pou w pran desizyon negatif kont yon militè, oswa menase pou w pran desizyon negatif, si militè a pa bay avi. Men, si absans anplwaye w la t ap lakòz yon gwo chay, ou ka kontakte kòmandan depatman militè anplwaye w la pou w mande si yo ka ranvwaye travay la oswa si yon lòt militè ka fè l. Si yo pa aksepte demann sa a, ou dwe toujou bay konje peye pou anplwaye w la ka fè travay militè, e ou pa ka poze aksyon negatif kont anplwaye a.

 

Ou pa ka mande pou yon militè itilize vakans li pou l fè sèvis militè, men ou dwe kite yo itilize nenpòt vakans yo rasanble pou yo fè sèvis yo. Met sou sa, pandan anplwaye w la pa la, lalwa pèmèt yo kontinye gen asirans sante si yo gen asirans ak plan konpayi a bay la.

 

Se nan pi bon enterè w antanke yon konpayi pou w abitye tèt ou ak lwa sa epi kontakte Sèvis Travay Ansyen Militè ak Fòmasyon nan Depatman Travay Etazini si w gen kesyon.

Èske w gen kesyon?
Nou la pou ede w.

Nou pran angajman pou ede w konprann responsablite w yo antanke yon konpayi. Ou ka jwenn repons pou anpil kesyon sou responsabilite w anvè ansyen militè grasa Konseye elaws ki annapre a (Asistans sou Lwa Travay pou Travayè ak Ti Biznis yo):

VETS aplike USERRA ak Biwo Pwogram respè Kontra Federal (OFCCP) aplike Lwa Règleman Asistans pou Reajisteman Ansyen Militè Epòk Vyetnam (VEVRAA) Ajans sa yo travay ansanm jan sa apwopriye pou garanti tretman jis pou militè ak ansyen militè ameriken yo.

Pou plis asistans, tanpri kontakte:

VETS: 1-866-4-USA-DOL oswa biwo lokal VETS ou a

OFCCP: 1-800-397-6251 oswa Sèvis Asistans OFCCP a

Military woman waiting with hands on a desk

Èske w bezwen plis enfòmasyon?

Konseye elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak konpayi yo konprann dwa yo ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.