Enklizyon nan Espas Travay

Prevansyon kont diskriminasyon nan espas travay la

Ou gen responsablite pou asire opòtinite egal pou travayè yo.

Espas travay la rasanble moun ki gen tout diferan orijin ak idantite. Antanke yon anplwayè, ou gen responsablite pou anpeche diskriminasyon nan espas travay la pou aplikan ak anplwaye yo baze sou kategori sa yo ki pwoteje pa lwa federal la: ras, koulè, relijyon, sèks (ki gen ladann gwosès, idantite sèks, ak oryantasyon seksyèl), orijin nasyonal, laj (40 oswa plis), andikap, enfòmasyon jenetik, estati sitwayènte oswa imigrasyon, ak estati veteran. Lwa etatik ak lokal yo ka entèdi diskriminasyon pou rezon siplemantè. 

Woman in meeting, looking over her shoulder and smiling

Kesyon ki Komen yo

Tanpri chwazi youn nan sijè sa yo pou aprann plis sou responsabilite w dapre kategori ki pwoteje yo epi jwenn kiyès pou kontakte pou plis enfòmasyon.

Èske w bezwen plis enfòmasyon?

Konseye elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak konpayi yo konprann dwa yo ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.