Enklizyon nan Espas Travay

Asèlman

Ou gen responsablite pou bay yon espas travay ki pa gen asèlman lalwa kondane.

Asèlman se yon kalite diskriminasyon lalwa kondane dapre lwa federal sou opòtinite egal yo. Asèlman se konduit ki pa akseptab ki baze sou ras, koulè, relijyon, sèks (sa gen ladan l gwosès, oryantasyon seksyèl, idantite seksyèl), peyi yon moun soti, laj (40 oswa pi gran), andikap, enfòmasyon sou jèn, oswa aktivite ki pwoteje (tankou depoze yon plent pou diskriminasyon oswa patisipe nan yon ankèt oswa pwosè anrapò ak diskriminasyon). Lwa etat ak lokal yo ka entèdi lòt kalite asèlman. 

 

Asèlman vin pa legal se lè 1) andire konduit ki blese a vin yon kondisyon pou w kontinye travay, oswa 2) konduit la grav oswa tout kote ase ki fè l kreye yon anviwònman travay yon moun rezonab t ap konsidere ki gen entimidasyon, ki gen zen, oswa ki gben abi. Ou responsab pou w evite ak kanpe asèlman nenpòt moun ap fè, sa gen ladan l direktè an chèf yom sipèvizè, anplwaye, ak moun ki pa anplwaye, tankou kliyan oswa founisè. Ou otomatikman responsab asèlman yon sipèvizè fè ki lakòz desizyon negatif sou travay la pou yon anplwaye tankou revokasyon, pa bay pwomosyon oswa anboche, oswa pèdi salè. 

 

Ti kont, fawouch, oswa ensidan ki pa rive soyvan (sof si l grav anpil) anjeneral pa ilegal. Pou l pa legal, konduit la dwe kreye yon anviwònman travay ki t ap lakòz entimidasyon, fè kont, oswa blese moun rezonab. 

 

Konduit ki blese ka gen ladan l, men se pa sa sèlman, blag pou blese moun, betiz, bay moun non pote oswa rele l yon fason, agresyon fizik oswa menaj, entimidasyon, fawouch oswa mokri, betiz oswa rabese moun nan, objè oswa imaj ki blesan, e ki bay pwoblèm pou travay la fèt. Asèlman an ka fèt nan yon seri sikonstans diferan, sa gen ladan l: 

  • moun k ap fè asèlman an ka se sipèvizè viktim nan, yon sipèvizè yon lòt kote, yon ajan konpayi a, yon kòlèg oswa yon moun ki pa anplwaye;
  • viktim nan pa oblije moun ki sibi asèlman an, men li ka nenpòt moun ki sibi enpak konduit blesan an; epi
  • asèlman ki pa legal ka fèt san pwoblèm ekonomik oswa revokasyon viktim nan.

 

Asèlman seksyèl, sa gen ladan l avans seksyèl ou pa aksepte, demann pou favè seksyèl, ak lòt asèlman ak pawòl oswa fizik ki gen bagay seksyèl, pa legal lè l rive souvan oswa l tèlman gtav li kreye yon anviwònman zen nan travay la (tankou revoke oswa desann nivo viktim nan) Asèlman pa oblije seksyèl e l ka gen remak ki blesan konsènan sèks yon moun. Pa egzanp, li ilegal pou yon moun fè asèlman sou yon fi lè l plede di bagay ki blesan sou fi an jeneral. 

Èske w gen kesyon?
Nou la pou ede w.

Nou pran angajman pou ede w konprann responsablite w yo antanke yon konpayi. Ou ka jwenn repons pou anpil kesyon sou responsabilite w grasa Konseye elaws ki annapre yo (Asistans sou Lwa Travay pou Travayè ak Ti Biznis yo):

Pou plis asistans, tanpri kontakte:

Biwo Pwogram Konfòmite Kontra Federal yo (OFCCP): 1-800-397-6251 oswa Sèvis Asistans OFCCP a

Serious meeting between two businesswomen

Èske w bezwen plis enfòmasyon?

Konseye elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak konpayi yo konprann dwa yo ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.